42,99 €
inkl. MwSt.
Versandkostenfrei*
Versandfertig in über 4 Wochen
  • Gebundenes Buch

Tout moun renmen fè ti brase bouch, men se pa tout moun ki konnen ti brase bouch kapab bon pou lasante. Chwa nourisan epi ki genyen bon gou egziste. Kòm timoun yo genyen plis chans pou yo vire tounen sou bonbon sikre, liv sa a ki vize timoun, pral montre yo pi bon opsyon ki disponib pou yo. Vin fè konesans avèk Fanmi Fwi a. Fwi yo se pati nan plant avèk pyebwa yo nou kapab manje. Avèk plizyè koulè, gou avèk teksti, benefis fwi yo pote pou lasante pa bagay moun kapab menm fin konprann, espesyalman pou sistèm defans kò nou. Anndan yon si bon liv konsa ki pote anpil enfòmasyon, lektè yo pral…mehr

Produktbeschreibung
Tout moun renmen fè ti brase bouch, men se pa tout moun ki konnen ti brase bouch kapab bon pou lasante. Chwa nourisan epi ki genyen bon gou egziste. Kòm timoun yo genyen plis chans pou yo vire tounen sou bonbon sikre, liv sa a ki vize timoun, pral montre yo pi bon opsyon ki disponib pou yo. Vin fè konesans avèk Fanmi Fwi a. Fwi yo se pati nan plant avèk pyebwa yo nou kapab manje. Avèk plizyè koulè, gou avèk teksti, benefis fwi yo pote pou lasante pa bagay moun kapab menm fin konprann, espesyalman pou sistèm defans kò nou. Anndan yon si bon liv konsa ki pote anpil enfòmasyon, lektè yo pral aprann ki fwi ki itil pou chak pati oswa sistèm nan kò a, tankou sante kè, prevansyon kansè, dijesyon, fonksyon nan sèvo avèk anpil lòt bagay. Chak fwi prezante tèt li, men fwi yo rasanble nan liv la nan kategori ki chita sou koulè. Lektè yo pral dekouvri enfòmasyon tou nèf sou fwi anpil moun konnen byen, tankou Melon Frans, Rezen avèk Pòm. Yo pral fè konesans tou avèk fwi ki kapab nouvo pou yo, tankou Kachiman Kanèl, Kachiman Kè Bèf avèk Kowosòl, ki soti nan Lamerik Disid. Fwi yo pale pou di nou kijan po yo avèk chè yo ye, yo rele sa teksti; yo di ki vitamin yo ofri, ki kote nou kapab jwenn yo avèk ki pati oswa fonksyon nan kò nou yo ede. Apre yo fin fè konesans avèk plis pase 30 fwi komen avèk fwi ki san parèy, jenn yo ap tonbe sou yon pati nan liv la ki se yon seksyon resèt ki pral fè bouch yo kouri dlo. Ladan li genyen enstriksyon detaye pou fè salad fwi, bon ti ji blennde, manje maten, elatriye. Liv amizan sa a, li san parèy epi li fasil pou moun pwofite tout sa ki anndan li, li envite lektè yo pou yo konnen gwo Fanmi Fwi a ki chaje pèsonaj ladan li. Mete sou sa, genyen yon lòt liv desen ki mache avèk li tou, liv koloryaj sa a disponib pou adolesan yo kapab kontinye aprann sou nouvo zanmi fwi yo. Fwi apetisan pou bay vant Kontantman pral enspire yon lanmou tou nèf lakay lektè yo pou seksyon fwi avèk legim nan mache avèk makèt bò lakay yo, sa pral mete yon relasyon ki dire lontan ant yo menm avèk fwi yo avèk yon bòn sante.